Men, Nawomi reponn yo: — Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou? Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m ta fè pitit gason ankò, eske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m mal anpil pou nou. Men Senyè a fè m twòp lapenn dejà. Medanm yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l orevwa, epi l'al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l. Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non! Men, Rit reponn: — Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò.
Li Rit 1
Koute Rit 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Rit 1:11-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo