Women 6

6
Nou mouri annegad peche, men n'ap viv pou Kris la
1Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou #Wòm 3.5-8 mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? 2Non, #1 Pyè 4.1 sa pa ka fèt. Poukisa? Se paske annegad peche, nou mouri. Kijan pou nou ta fè kontinye ap viv nan peche toujou? 3Eske #Gal 3.27 nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l nan lanmò li. 4Se #1 Pyè 3.21; Kol 2.12 sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
5Menm #Fil 3.10,11 jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve sòti vivan nan lanmò tankou l tou. 6Konnen #Gal 5.24 sa byen: Vye moun nou te ye anvan an, li krisifye avèk Kris sou lakwa. Sa fèt dekwa pou vye kò peche a kapab detwi. Konsa, nou pa esklav peche ankò. 7Moun #1 Pyè 4.1 ki mouri, li delivre anba pouvwa peche. 8Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. 9Nou konnen Kris la te leve sòti vivan nan lanmò, li pa gen pou l mouri ankò. Lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. 10Lè l #Eb 9.26-28; Gal 2.19; 1 Pyè 3.18 te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Kounyeya l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. 11Konsa #2 Kor 5.15; 1 Pyè 2.24 tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
12Pa #Jen 4.7 kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè. 13Pa #Wòm 12.1; Ef 2.5; 5.14 lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. 14Peche #1 Jan 3.6 pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Bondye delivre nou pou fè sa ki byen
15Kisa #Wòm 5.17,21 sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, eske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non. 16Nou #Jan 8.34; 2 Pyè 2.19 konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l esklav pou n obeyi l, nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye. 17Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche. Men kounyeya, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. 18Nou #Jan 8.32 delivre anba peche. Kounyeya se esklav sa ki byen nou ye. 19M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n te fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li.
20Lè n te esklav peche a, nou pat gen okenn obligasyon pou n te fè sa ki byen. 21#Eze 16.61,63; Wòm 8.6,13 sa a, kisa n te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. 22Men, #1 Pyè 1.9 kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. 23Peche #Wòm 5.12 peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Chwazi Kounye ya:

Women 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an