Women 6:19-23

Women 6:19-23 HAT98

M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n te fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li. Lè n te esklav peche a, nou pat gen okenn obligasyon pou n te fè sa ki byen. Lè sa a, kisa n te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.