Women 6:12-23

Women 6:12-23 HAT98

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye. Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, eske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non. Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l esklav pou n obeyi l, nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye. Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche. Men kounyeya, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. Nou delivre anba peche. Kounyeya se esklav sa ki byen nou ye. M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n te fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li. Lè n te esklav peche a, nou pat gen okenn obligasyon pou n te fè sa ki byen. Lè sa a, kisa n te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.