Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non, sa pa ka fèt. Poukisa? Se paske annegad peche, nou mouri. Kijan pou nou ta fè kontinye ap viv nan peche toujou? Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l nan lanmò li. Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve sòti vivan nan lanmò tankou l tou. Konnen sa byen: Vye moun nou te ye anvan an, li krisifye avèk Kris sou lakwa. Sa fèt dekwa pou vye kò peche a kapab detwi. Konsa, nou pa esklav peche ankò. Moun ki mouri, li delivre anba pouvwa peche.
Li Women 6
Koute Women 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 6:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo