Women 15:14-33

Women 15:14-33 HAT98

Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. Men, mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an, pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. Men, lanbisyon m se te pou m fè konnen bòn nouvèl la sèlman kote moun pat ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m pat bati sou fondasyon lòt moun te poze, jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pat ankò konnen l yo va wè. Moun ki pat ankò tande nonmen non l yo va konprann. Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou. Men, kounyeya, mwen pa gen anyen ki kenbe m nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou. Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou. Men, kounyeya, mwen pral Jerizalèm pou m ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis. Legliz ki nan peyi Masedouàn ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm. Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki sòti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pat jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo. Lè m'a fini avèk zafè sa a, lè m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Lespay, m'a pase wè nou sou wout. Mwen konnen lè m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive. Men sa mwen mande nou, frè mwen yo: Nan non Jezikri, Senyè nou an, nan non lamou Lespri ban nou an, tanpri, pa lage m' nan batay la poukont mwen. Lapriyè Bondye pou mwen. Lapriyè pou m ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a. Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou. Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.