Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. Bondye ap pini yo tou, paske tou sa yo fèt pou konnen sou Bondye, li parèt aklè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa vin konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
Li Women 1
Koute Women 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 1:18-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo