Reskonsablite mwen, se pou m'anonse Bonnouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere. Kit yo save, kit yo pa save. Se poutèt sa, m anvi vin anonse Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm. Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa. Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi. Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
Li Women 1
Koute Women 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 1:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo