Women 1:1-17

Women 1:1-17 HAT98

Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm. Depi lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou pwomèt nou Bonnouvèl sa a nan Liv Sentespri te fè yo ekri a. Bonnouvèl sa a pale nou sou Pitit li Jezikri, Senyè nou, ki soti nan ras wa David. Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò. Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m favè pou m travay tankou apòt, pou m mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li. Nou menm, kretyen lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou nou antre nan fanmi Jezikri a. Se sa k fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse Bòn Nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou; se san rete m'ap lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm. Mwen vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a. Frè m yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk kounyeya. Reskonsablite mwen, se pou m'anonse Bonnouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere. Kit yo save, kit yo pa save. Se poutèt sa, m anvi vin anonse Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm. Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa. Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an