Revelasyon 6:1-17

Revelasyon 6:1-17 HAT98

Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loray. Li di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l la te kenbe yon banza nan men l. Yo ba l yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki sòti pou l genyen ankò. Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj sòti. Moun ki te moute l la resevwa pouvwa pou l mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l yon gwo nepe kenbe nan men li. Apre sa, ti Mouton an kase twazyèm sele a. Mwen tande twazyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa ki sòti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: — Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an. Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (¼) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè. Apre sa, ti Mouton an kase senkyèm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l ye a. Yo t'ap rele byen fò: — O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin pini yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasyans pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont. Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an