Revelasyon 6:1-17

Revelasyon 6:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loray. Li di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l la te kenbe yon banza nan men l. Yo ba l yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki sòti pou l genyen ankò. Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj sòti. Moun ki te moute l la resevwa pouvwa pou l mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l yon gwo nepe kenbe nan men li. Apre sa, ti Mouton an kase twazyèm sele a. Mwen tande twazyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa ki sòti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: — Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an. Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: — Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (¼) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè. Apre sa, ti Mouton an kase senkyèm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l ye a. Yo t'ap rele byen fò: — O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin pini yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasyans pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont. Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Revelasyon 6:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors je vois l’Agneau qui défait la première des sept attaches du livre. À ce moment-là, j’entends un des quatre êtres vivants. D’une voix aussi forte que le tonnerre, il crie : « Viens ! » Ensuite je vois un cheval blanc. Son cavalier tient un arc. Il reçoit un prix, il est déjà vainqueur et il part pour être encore vainqueur. Puis l’Agneau défait la deuxième attache. À ce moment-là, j’entends le deuxième être vivant. Il crie : « Viens ! » Alors un autre cheval arrive, il est rouge comme du feu. Son cavalier reçoit le pouvoir d’enlever la paix de la terre, ainsi les gens vont se tuer les uns les autres. Il reçoit une grande lance. Ensuite, l’Agneau défait la troisième attache. À ce moment-là, j’entends le troisième être vivant. Il crie : « Viens ! », et je vois un cheval noir. Son cavalier tient une balance à la main. J’entends comme une voix au milieu des quatre êtres vivants. Elle dit : « Un kilo de blé pour une journée de travail et trois kilos d’orge pour une journée de travail, mais ne touche pas à l’huile ni au vin ! » Puis l’Agneau défait la quatrième attache. À ce moment-là, j’entends le quatrième être vivant. Il crie : « Viens ! » Je vois un cheval vert pâle. Son cavalier s’appelle « la Mort », et le monde des morts marche derrière lui. Ils reçoivent le pouvoir sur le quart de la terre. Ainsi ils vont tuer ses habitants avec l’épée, la famine, tout ce qui apporte la mort et avec les bêtes sauvages de la terre. Ensuite, l’Agneau défait la cinquième attache. À ce moment-là, je vois sous l’autel ceux qu’on a fait mourir. On les a tués à cause de la parole de Dieu, et parce qu’ils ont été ses témoins. Ils crient d’une voix forte : « Maître saint et vrai, tu vas juger les habitants de la terre, tu vas les punir parce qu’ils nous ont tués. Mais est-ce que tu vas attendre encore longtemps ? » Alors chacun reçoit un vêtement blanc. On leur demande d’attendre encore un peu. En effet, parmi ceux qui servent Dieu avec eux et parmi leurs frères et sœurs, beaucoup doivent être tués comme eux. Maintenant, ils ne sont pas encore tous là. Je vois de nouveau l’Agneau. Il défait la sixième attache. À ce moment-là, il y a un violent tremblement de terre. Le soleil devient noir comme un vêtement de deuil, et toute la lune devient rouge comme du sang. Les étoiles tombent du ciel sur la terre comme les figues vertes tombent d’un figuier secoué par le vent. Le ciel disparaît peu à peu, comme un tapis qu’on enroule, toutes les montagnes et les îles sont arrachées de leur place. Les rois de la terre, les personnages importants, les chefs militaires, les riches et les puissants, tous les esclaves et toutes les personnes libres se cachent dans les abris des montagnes et parmi les rochers. Ils disent aux montagnes et aux rochers : « Tombez sur nous. Cachez-nous loin de celui qui est assis sur le siège royal. Cachez-nous loin de la colère de l’Agneau. Oui, le grand jour de leur colère est arrivé. Qui peut vivre encore ? »

Revelasyon 6:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa. Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe. Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye, twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.” Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj. Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou. Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye. Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”

Revelasyon 6:1-17 New International Version (NIV)

I watched as the Lamb opened the first of the seven seals. Then I heard one of the four living creatures say in a voice like thunder, “Come!” I looked, and there before me was a white horse! Its rider held a bow, and he was given a crown, and he rode out as a conqueror bent on conquest. When the Lamb opened the second seal, I heard the second living creature say, “Come!” Then another horse came out, a fiery red one. Its rider was given power to take peace from the earth and to make people kill each other. To him was given a large sword. When the Lamb opened the third seal, I heard the third living creature say, “Come!” I looked, and there before me was a black horse! Its rider was holding a pair of scales in his hand. Then I heard what sounded like a voice among the four living creatures, saying, “Two pounds of wheat for a day’s wages, and six pounds of barley for a day’s wages, and do not damage the oil and the wine!” When the Lamb opened the fourth seal, I heard the voice of the fourth living creature say, “Come!” I looked, and there before me was a pale horse! Its rider was named Death, and Hades was following close behind him. They were given power over a fourth of the earth to kill by sword, famine and plague, and by the wild beasts of the earth. When he opened the fifth seal, I saw under the altar the souls of those who had been slain because of the word of God and the testimony they had maintained. They called out in a loud voice, “How long, Sovereign Lord, holy and true, until you judge the inhabitants of the earth and avenge our blood?” Then each of them was given a white robe, and they were told to wait a little longer, until the full number of their fellow servants, their brothers and sisters, were killed just as they had been. I watched as he opened the sixth seal. There was a great earthquake. The sun turned black like sackcloth made of goat hair, the whole moon turned blood red, and the stars in the sky fell to earth, as figs drop from a fig tree when shaken by a strong wind. The heavens receded like a scroll being rolled up, and every mountain and island was removed from its place. Then the kings of the earth, the princes, the generals, the rich, the mighty, and everyone else, both slave and free, hid in caves and among the rocks of the mountains. They called to the mountains and the rocks, “Fall on us and hide us from the face of him who sits on the throne and from the wrath of the Lamb! For the great day of their wrath has come, and who can withstand it?”

Revelasyon 6:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puis je vis l’Agneau ouvrir le premier des sept sceaux et j’entendis l’un des quatre êtres vivants dire d’une voix de tonnerre : Viens ! Et je vis venir un cheval blanc. Son cavalier était armé d’un arc. Une couronne lui fut donnée, et il partit en vainqueur et pour vaincre. Quand l’Agneau ouvrit le deuxième sceau, j’entendis le deuxième être vivant dire : Viens ! Un autre cheval sortit : il était rouge feu. Son cavalier reçut le pouvoir de bannir la paix de la terre pour que les hommes s’entretuent, et une grande épée lui fut donnée. Quand l’Agneau ouvrit le troisième sceau, j’entendis le troisième être vivant dire : Viens ! Et je vis venir un cheval noir. Son cavalier tenait une balance dans la main. Et j’entendis comme une voix venant du milieu des quatre êtres vivants ; elle disait : Un litre de blé au prix d’une journée de travail et trois litres d’orge pour le même prix. Quant à l’huile et au vin, épargne-les ! Quand l’Agneau ouvrit le quatrième sceau, j’entendis la voix du quatrième être vivant dire : Viens ! Et je vis venir un cheval blême. Son cavalier s’appelle « La Mort » et il était suivi du séjour des morts. Il leur fut donné le pouvoir sur le quart de la terre de faire périr les hommes par l’épée, la famine, les épidémies et les bêtes féroces. Quand l’Agneau ouvrit le cinquième sceau, je vis, sous l’autel, les âmes de ceux qui avaient été égorgés à cause de leur fidélité à la Parole de Dieu et du témoignage qu’ils avaient rendu. Ils s’écrièrent d’une voix forte : Maître saint et véritable, jusques à quand tarderas-tu à juger les habitants de la terre et à leur demander compte de notre mort  ? Alors chacun d’eux reçut une tunique blanche, et il leur fut dit de patienter encore un peu de temps jusqu’à ce que soit au complet le nombre de leurs compagnons de service et de leurs frères qui allaient être mis à mort comme eux. Puis je vis l’Agneau ouvrir le sixième sceau et il y eut un violent tremblement de terre. Le soleil devint noir comme une toile de sac, la lune tout entière devint rouge comme du sang. Les étoiles du ciel s’abattirent sur la terre, comme font les fruits verts d’un figuier secoué par un gros coup de vent. Le ciel se retira comme un parchemin qu’on enroule, et toutes les montagnes et toutes les îles furent enlevées de leur place. Les rois de la terre et les hauts dignitaires, les chefs militaires, les riches et les puissants, tous les esclaves et tous les hommes libres, allèrent se cacher au fond des cavernes et parmi les rochers des montagnes. Ils criaient aux montagnes et aux rochers : Tombez sur nous et cachez-nous loin du regard de celui qui siège sur le trône, loin de la colère de l’Agneau. Car le grand jour de leur colère est arrivé, et qui peut subsister ?