Revelasyon 3:1-13

Revelasyon 3:1-13 HAT98

Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l konsa: — Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m ak rad blan yo, paske yo merite sa. — Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l konsa: — Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l lan, moun ki lè li louvri pèsonn pa ka fèmen, lè l fèmen pèsonn pa ka louvri a, men sa l voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li. Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen. Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pèsonn pa wete rekonpans ou nan men ou. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. — Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.