Revelasyon 3:1-13

Revelasyon 3:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l konsa: — Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m ak rad blan yo, paske yo merite sa. — Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l konsa: — Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l lan, moun ki lè li louvri pèsonn pa ka fèmen, lè l fèmen pèsonn pa ka louvri a, men sa l voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li. Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen. Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pèsonn pa wete rekonpans ou nan men ou. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou. — Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Revelasyon 3:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Écris à l’ange de l’Église qui est à Sardes : « Voici le message de celui qui a les sept esprits de Dieu et les sept étoiles. Je connais tout ce que tu fais. Les gens croient que tu es vivant, mais tu es mort ! Réveille-toi ! Rends plus solide ce qui reste vivant en toi mais risque de mourir. J’ai constaté que tes actions ne sont pas parfaites aux yeux de mon Dieu. Rappelle-toi donc l’enseignement que tu as reçu et entendu. Garde-le et change ta vie. Si tu ne te réveilles pas, je viendrai te prendre par surprise comme un voleur. Tu ne sauras pas à quel moment je viendrai. Pourtant, quelques-uns parmi vous, à Sardes, n’ont pas sali leurs vêtements. Ceux-là viendront avec moi en vêtements blancs, parce qu’ils le méritent. Ainsi, les vainqueurs porteront des vêtements blancs. Je n’effacerai pas leur nom du livre de vie , j’affirmerai devant mon Père et devant ses anges : “Ces personnes m’appartiennent.” « Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ce que l’Esprit Saint dit aux Églises ! » « Écris à l’ange de l’Église qui est à Philadelphie : « Voici le message de celui qui est saint et qui dit la vérité. Il tient la clé du roi David, il ouvre et personne ne peut fermer, il ferme et personne ne peut ouvrir. « Je connais tout ce que tu fais. Regarde : j’ai placé devant toi une porte ouverte, personne ne peut la fermer. Tu n’as pas beaucoup de force, pourtant tu as gardé ma parole et tu n’as pas dit que tu ne me connaissais pas. Les gens de la communauté de Satan disent qu’ils sont juifs, mais ils ne le sont pas, ils mentent. Eh bien, voici ce que je leur ferai : je les forcerai à se mettre à genoux devant toi, et ils reconnaîtront que je t’aime. Tu as gardé fidèlement ma parole, alors moi aussi, je te garderai au moment du malheur. Oui, le malheur viendra sur le monde entier, pour voir la valeur des habitants de la terre. Je viens bientôt. Tiens solidement ce que tu as, ainsi personne ne prendra ta récompense. Les vainqueurs, j’en ferai des colonnes dans le temple de mon Dieu, et ils n’en sortiront jamais. Sur ces vainqueurs, j’écrirai le nom de mon Dieu et le nom de la ville de mon Dieu. Cette ville, c’est la Jérusalem nouvelle, qui descend du ciel, envoyée par mon Dieu. Sur eux, j’écrirai aussi le nom nouveau que j’ai reçu. « Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ce que l’Esprit Saint dit aux Églises ! »

Revelasyon 3:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di: Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri. Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou. Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo! Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri. Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w. Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè. M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.

Revelasyon 3:1-13 New International Version (NIV)

“To the angel of the church in Sardis write: These are the words of him who holds the seven spirits of God and the seven stars. I know your deeds; you have a reputation of being alive, but you are dead. Wake up! Strengthen what remains and is about to die, for I have found your deeds unfinished in the sight of my God. Remember, therefore, what you have received and heard; hold it fast, and repent. But if you do not wake up, I will come like a thief, and you will not know at what time I will come to you. Yet you have a few people in Sardis who have not soiled their clothes. They will walk with me, dressed in white, for they are worthy. The one who is victorious will, like them, be dressed in white. I will never blot out the name of that person from the book of life, but will acknowledge that name before my Father and his angels. Whoever has ears, let them hear what the Spirit says to the churches. “To the angel of the church in Philadelphia write: These are the words of him who is holy and true, who holds the key of David. What he opens no one can shut, and what he shuts no one can open. I know your deeds. See, I have placed before you an open door that no one can shut. I know that you have little strength, yet you have kept my word and have not denied my name. I will make those who are of the synagogue of Satan, who claim to be Jews though they are not, but are liars—I will make them come and fall down at your feet and acknowledge that I have loved you. Since you have kept my command to endure patiently, I will also keep you from the hour of trial that is going to come on the whole world to test the inhabitants of the earth. I am coming soon. Hold on to what you have, so that no one will take your crown. The one who is victorious I will make a pillar in the temple of my God. Never again will they leave it. I will write on them the name of my God and the name of the city of my God, the new Jerusalem, which is coming down out of heaven from my God; and I will also write on them my new name. Whoever has ears, let them hear what the Spirit says to the churches.

Revelasyon 3:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A l’ange de l’Eglise qui est à Sardes, écris : « Voici ce que dit celui qui a les sept esprits de Dieu et les sept étoiles : Je connais ta conduite, je sais que tu passes pour être vivant, mais tu es mort. Deviens vigilant, raffermis ceux qui restent et qui étaient sur le point de mourir. Car je n’ai pas trouvé ta conduite parfaite devant mon Dieu. Rappelle-toi donc comment tu as reçu et entendu la Parole : Obéis et change ! Car, si tu n’es pas vigilant, je viendrai comme un voleur et tu n’auras aucun moyen de savoir à quelle heure je viendrai te surprendre. Cependant, tu as à Sardes quelques personnes qui n’ont pas sali leurs vêtements ; elles marcheront avec moi en vêtements blancs, car elles en sont dignes. Le vainqueur portera ainsi des vêtements blancs, je n’effacerai jamais son nom du livre de vie, je le reconnaîtrai comme mien en présence de mon Père et de ses anges. Que celui qui a des oreilles écoute ce que l’Esprit dit aux Eglises. » A l’ange de l’Eglise qui est à Philadelphie, écris : « Voici ce que dit le Saint, le Véritable, celui qui tient la clé de David , celui qui ouvre et nul ne peut fermer, qui ferme, et nul ne peut ouvrir : Je connais ta conduite. Voici : j’ai ouvert devant toi une porte que nul ne peut fermer. Je le sais : tu n’as que peu de puissance, tu as obéi à ma Parole et tu ne m’as pas renié. Eh bien, je te donne des membres de la synagogue de Satan. Ils se disent juifs, mais ne le sont pas : ils mentent. Je les ferai venir se prosterner à tes pieds et reconnaître que moi, je t’ai aimé. Tu as gardé le commandement de persévérer que je t’ai donné. C’est pourquoi, à mon tour, je te garderai à l’heure de l’épreuve qui va venir sur le monde entier pour éprouver tous les habitants de la terre. Je viens bientôt, tiens ferme ce que tu as pour que personne ne te ravisse ta couronne. Du vainqueur, je ferai un pilier dans le temple de mon Dieu, et il n’en sortira plus jamais. Je graverai sur lui le nom de mon Dieu et celui de la ville de mon Dieu, la nouvelle Jérusalem, qui descend du ciel d’auprès de mon Dieu, ainsi que mon nom nouveau. Que celui qui a des oreilles écoute ce que l’Esprit dit aux Eglises. »