Revelasyon 22:1-21

Revelasyon 22:1-21 HAT98

Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. P'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l. Y'a gen non l make sou fwon yo. P'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limyè lanp ni limyè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limyè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan. Apre sa, zanj lan di mwen: — Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l yo sa ki pral rive anvan lontan. Jezi di: — Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a. Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pye zanj ki te fè m wè yo a pou m adore li. Men, li di mwen: — Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore. Apre sa, li di mwen: — Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive. Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman. Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. — Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen sòti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an. Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: — Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: — Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a. Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi! Se pou benediksyon Senyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.