Revelasyon 22:1-21

Revelasyon 22:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. P'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l. Y'a gen non l make sou fwon yo. P'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limyè lanp ni limyè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limyè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan. Apre sa, zanj lan di mwen: — Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l yo sa ki pral rive anvan lontan. Jezi di: — Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a. Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pye zanj ki te fè m wè yo a pou m adore li. Men, li di mwen: — Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore. Apre sa, li di mwen: — Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive. Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman. Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. — Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen sòti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an. Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: — Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: — Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis. Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a. Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi! Se pou benediksyon Senyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.

Revelasyon 22:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite, l’ange me montre un fleuve d’eau qui donne la vie. Il brille comme du verre, il sort du siège de Dieu et de l’Agneau et il coule au milieu de la place de la ville. Là, entre deux parties du fleuve, il y a l’arbre de vie. Il donne des fruits 12 fois dans l’année, une fois par mois, et ses feuilles servent à guérir les peuples. Il n’y aura plus de malédiction. Le siège de Dieu et de l’Agneau sera dans la ville, et les serviteurs de Dieu l’adoreront. Ils verront son visage et son nom sera écrit sur leurs fronts. Il n’y aura plus de nuit, personne n’aura besoin de la lumière d’une lampe, ni de la lumière du soleil. En effet, le Seigneur Dieu répandra sa lumière sur ses serviteurs, et ils seront rois pour toujours. Ensuite, l’ange me dit : « Ces paroles sont sûres et vraies. Le Seigneur Dieu donne l’Esprit Saint aux prophètes. Il a envoyé son ange, pour montrer à ses serviteurs ce qui doit arriver bientôt. » Jésus dit : « Écoute, je viens bientôt. Il est heureux, celui qui obéit aux paroles de Dieu contenues dans ce livre. » Celui qui a entendu ces choses et qui les a vues, c’est moi, Jean. Maintenant, j’ai fini de les entendre et de les voir et je me mets à genoux aux pieds de l’ange. C’est lui qui m’a montré ces choses, et je veux l’adorer. Mais l’ange me dit : « Attention, ne fais pas cela ! Je suis serviteur comme toi, comme tes frères et sœurs prophètes, et comme ceux qui obéissent aux paroles contenues dans ce livre. C’est Dieu que tu dois adorer. » Puis il me dit encore : « Ne garde pas secrètes les paroles de Dieu qui sont dans ce livre. En effet, le moment fixé pour ces événements est bientôt là. Celui qui est mauvais, qu’il continue à faire le mal ! Celui qui aime ce qui est impur, qu’il continue à aimer ce qui est impur ! Mais celui qui est bon, qu’il continue à faire le bien ! Et celui qui vit pour Dieu, qu’il continue à vivre pour Dieu ! » Jésus dit : « Écoute, je viens bientôt. J’apporte avec moi ma récompense. Je vais la donner à chacun selon ce qu’il a fait. Je suis l’Alpha et l’Oméga , le premier et le dernier, le commencement et la fin. » Ils sont heureux, ceux qui lavent leurs vêtements. Ainsi, ils auront le droit de manger le fruit de l’arbre qui donne la vie, ils auront le droit d’entrer dans la ville par les portes. Mais qu’ils restent dehors, ceux qui vivent n’importe comment ! Qu’ils restent dehors, les sorciers, les gens immoraux ! Qu’ils restent dehors, les assassins, ceux qui adorent les faux dieux, ceux qui aiment le mensonge et qui mentent ! « Moi, Jésus, j’ai envoyé mon ange pour affirmer aux Églises : tout cela est vrai. Je suis né dans la famille du roi David, je suis l’étoile brillante du matin. » L’Esprit de Dieu et la jeune mariée disent : « Viens ! » Celui qui entend doit dire : « Viens ! » Celui qui a soif doit venir. Celui qui le veut recevra gratuitement l’eau qui donne la vie. À tous ceux qui entendent les paroles de Dieu écrites dans ce livre, voici ce que moi, Jean, j’affirme : si quelqu’un ajoute quelque chose à tout cela, Dieu lui ajoutera les grands malheurs décrits dans ce livre. Si quelqu’un enlève quelque chose aux paroles prophétiques de ce livre, Dieu lui enlèvera sa part des promesses de ce livre : il ne pourra pas manger les fruits de l’arbre qui donne la vie, ni entrer dans la ville sainte. Jésus affirme que tout cela est vrai et il dit : « Oui, je viens bientôt ! » Amen ! Viens, Seigneur Jésus ! Que le Seigneur Jésus vous bénisse tous !

Revelasyon 22:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an. Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo. P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l. Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo. P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan. Zanj lan di m konsa: “Se bon jan pawòl m ba w la, wi! Senyè a, Bondye ki dirije lespri pwofèt yo, li voye zanj li pou montre sèvitè l yo sa ki gen pou vini nan yon ti tan ankò.” Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.” Mwen menm se Jan. Se mwen k te tande epi ki te wè bagay sa yo. Lè m gade m wè yo, m tonbe nan pye zanj ki t ap montre yo a, pou m koube mete ajenou devan l. Men li di m konsa: “Pa fè bagay konsa! M se yon sèvitè menm jan avè w, menm jan ak frè w yo, pwofèt yo, menm jan ak tout moun k ap pratike pawòl ki nan liv sa a. Koube w pou adore Bondye pito!” Lè sa a, zanj lan di m: “Pa kache pwofesi ki nan liv sa a. Lè a prèske rive pou yo akonpli. Moun k ap fè sa ki mal, y ap fè plis sa ki mal toujou. Moun ki pa pwòp pou Bondye ap vin pi mal. Moun k ap fè sa ki byen ap kontinye fè sa ki byen. Moun ki apa pou Bondye, y ap kontinye mete yo apa pou Bondye.” Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè. M se Alfa ak Omega, se mwen ki premye ak dènye. Benediksyon pou moun ki lave rad yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la! Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti. Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la. Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis. Mwen menm, m deklare pawòl pwofesi ki nan liv sa a pou nenpòt moun: Si yon moun mete plis nan sa ki di la a, Bondye ap mete pi plis sou kalamite ki ekri nan liv sa a pou li. Epi si yon moun ta wete nan pawòl pwofesi ki nan liv sa a, Bondye ap retire pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a, ansanm ak plas pa l nan lavil Bondye a, jan sa ekri nan liv sa a. Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.” Amèn! Vini non, Senyè Jezi! Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.

Revelasyon 22:1-21 New International Version (NIV)

Then the angel showed me the river of the water of life, as clear as crystal, flowing from the throne of God and of the Lamb down the middle of the great street of the city. On each side of the river stood the tree of life, bearing twelve crops of fruit, yielding its fruit every month. And the leaves of the tree are for the healing of the nations. No longer will there be any curse. The throne of God and of the Lamb will be in the city, and his servants will serve him. They will see his face, and his name will be on their foreheads. There will be no more night. They will not need the light of a lamp or the light of the sun, for the Lord God will give them light. And they will reign for ever and ever. The angel said to me, “These words are trustworthy and true. The Lord, the God who inspires the prophets, sent his angel to show his servants the things that must soon take place.” “Look, I am coming soon! Blessed is the one who keeps the words of the prophecy written in this scroll.” I, John, am the one who heard and saw these things. And when I had heard and seen them, I fell down to worship at the feet of the angel who had been showing them to me. But he said to me, “Don’t do that! I am a fellow servant with you and with your fellow prophets and with all who keep the words of this scroll. Worship God!” Then he told me, “Do not seal up the words of the prophecy of this scroll, because the time is near. Let the one who does wrong continue to do wrong; let the vile person continue to be vile; let the one who does right continue to do right; and let the holy person continue to be holy.” “Look, I am coming soon! My reward is with me, and I will give to each person according to what they have done. I am the Alpha and the Omega, the First and the Last, the Beginning and the End. “Blessed are those who wash their robes, that they may have the right to the tree of life and may go through the gates into the city. Outside are the dogs, those who practice magic arts, the sexually immoral, the murderers, the idolaters and everyone who loves and practices falsehood. “I, Jesus, have sent my angel to give you this testimony for the churches. I am the Root and the Offspring of David, and the bright Morning Star.” The Spirit and the bride say, “Come!” And let the one who hears say, “Come!” Let the one who is thirsty come; and let the one who wishes take the free gift of the water of life. I warn everyone who hears the words of the prophecy of this scroll: If anyone adds anything to them, God will add to that person the plagues described in this scroll. And if anyone takes words away from this scroll of prophecy, God will take away from that person any share in the tree of life and in the Holy City, which are described in this scroll. He who testifies to these things says, “Yes, I am coming soon.” Amen. Come, Lord Jesus. The grace of the Lord Jesus be with God’s people. Amen.

Revelasyon 22:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Finalement, l’ange me montra le fleuve d’eau de la vie, limpide comme du cristal, qui jaillissait du trône de Dieu et de l’Agneau. Au milieu de l’avenue de la ville, entre deux bras du fleuve, se trouve l’arbre de vie. Il produit douze récoltes, chaque mois il porte son fruit. Ses feuilles servent à guérir les peuples. Il n’y aura plus aucune malédiction. Le trône de Dieu et de l’Agneau sera dans la ville. Ses serviteurs lui rendront un culte : ils verront sa face et porteront son nom sur leurs fronts. Il n’y aura plus jamais de nuit. On n’aura donc plus besoin ni de la lumière d’une lampe, ni de celle du soleil, car le Seigneur Dieu répandra sur eux sa lumière. Et ils régneront éternellement. L’ange me dit : Ces paroles sont vraies et entièrement dignes de foi. Dieu le Seigneur qui a inspiré ses prophètes, a envoyé son ange, pour montrer à ses serviteurs ce qui doit arriver bientôt. – Voici, dit Jésus, je viens bientôt ! Heureux celui qui obéit aux paroles prophétiques de ce livre. Moi, Jean, j’ai entendu et vu tout cela. Après avoir entendu et vu ces choses, je me prosternai aux pieds de l’ange qui me les avait montrées, et j’allais l’adorer. – Non, me dit-il, ne fais pas cela ! Je suis ton compagnon de service et celui de tes frères, les prophètes, et de ceux qui obéissent aux paroles de ce livre. Adore Dieu ! Et il ajouta : Ne tiens pas secrètes les paroles prophétiques de ce livre, car le temps de leur accomplissement est proche. Que celui qui commet le mal continue à mal agir. Que celui qui est impur continue à s’adonner à l’impureté ; mais que celui qui est juste continue à faire ce qui est juste, et que celui qui est saint continue à se purifier. – Oui, dit Jésus, je viens bientôt. J’apporte avec moi mes récompenses pour rendre à chacun selon ses actes. Je suis l’Alpha et l’Oméga, le premier et le dernier, le commencement et la fin. Heureux ceux qui lavent leurs vêtements. Ils auront le droit de manger du fruit de l’arbre de vie et de franchir les portes de la ville. Mais dehors les hommes ignobles, ceux qui pratiquent la magie, les débauchés, les meurtriers, ceux qui adorent des idoles et tous ceux qui aiment et pratiquent le mensonge. Moi, Jésus, j’ai envoyé mon ange pour rendre témoignage à ces vérités destinées aux Eglises. Je suis le rejeton de la racine de David, son descendant. C’est moi, l’étoile brillante du matin. Et l’Esprit et l’Epouse disent : Viens ! Que celui qui entend ces paroles dise : Viens ! Que celui qui a soif vienne. Que celui qui veut de l’eau de la vie la reçoive gratuitement. Moi, je le déclare solennellement à tous ceux qui entendent les paroles prophétiques de ce livre : si quelqu’un y ajoute quoi que ce soit, Dieu ajoutera à son sort les fléaux décrits dans ce livre. Si quelqu’un retranche quelque chose des paroles prophétiques de ce livre, Dieu lui ôtera tout droit à l’arbre de vie et à la ville sainte décrits dans ce livre. Le témoin qui affirme ces choses déclare : Oui, je viens bientôt ! Oh oui, qu’il en soit ainsi : Viens Seigneur Jésus  ! Que le Seigneur Jésus accorde sa grâce à tous.