Revelasyon 20:1-15

Revelasyon 20:1-15 HAT98

Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men li ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan. Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa te resisite nan lanmò toutotan milan an pa te ankò pase.) Se sa yo rele premye rezireksyon an. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premye rezireksyon sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo, yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen ak li pandan milan. Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan sòti nan prizon an. Lè sa a, l'a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L'a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo. Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan. Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an