Revelasyon 20:1-15

Revelasyon 20:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men li ak yon gwo chenn. Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an. Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan. Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. (Lòt mò yo pa te resisite nan lanmò toutotan milan an pa te ankò pase.) Se sa yo rele premye rezireksyon an. Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premye rezireksyon sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo, yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen ak li pandan milan. Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan sòti nan prizon an. Lè sa a, l'a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L'a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo. Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan. Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Revelasyon 20:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite, je vois un ange qui descend du ciel. Dans sa main, il tient la clé du trou sans fond et une chaîne énorme. Il saisit le dragon . Ce dragon, c’est le serpent des premiers jours, c’est-à-dire l’esprit du mal ou Satan. L’ange l’attache avec la chaîne pour 1 000 années. Il le jette dans le trou sans fond, puis il ferme le trou à clé et il met les verrous. Ainsi, le dragon ne pourra plus tromper les peuples avant la fin des 1 000 années. Après cela, il sera libéré pour un peu de temps. Et je vois des sièges royaux. Ceux qui viennent s’asseoir dessus reçoivent le pouvoir de juger. Je vois aussi ceux qu’on a fait mourir. Voici pourquoi on les a tués : ils ont été les témoins de Jésus et ils ont annoncé la parole de Dieu. Ils n’ont pas adoré la bête ni sa statue. Ils n’ont pas reçu sa marque sur le front, ni sur la main. Eux, ils sont revenus à la vie et ils sont rois avec le Christ pendant 1 000 années. Ce sont les premiers que Dieu a relevés du milieu des morts. Les autres morts ne reviendront pas à la vie avant la fin des 1 000 années. Ils sont vraiment heureux, ceux que Dieu relève de la mort les premiers, et Dieu les aime. La deuxième mort n’a pas de pouvoir sur eux. Ils sont prêtres de Dieu et du Christ, et ils sont rois avec le Christ pendant les 1 000 années. Quand les 1 000 années seront finies, Satan sera libéré de sa prison. Et il partira tromper les peuples qui sont dans le monde entier, c’est-à-dire Gog et Magog . Satan va les réunir pour faire la guerre. Ils sont aussi nombreux que les grains de sable au bord de la mer. Ils avancent sur toute la surface de la terre, ils entourent le camp de ceux qui appartiennent à Dieu, la ville très aimée de Dieu. Mais un feu descend du ciel et il détruit les peuples que Satan a réunis. Puis l’esprit du mal qui les trompait est jeté dans le lac de feu et de poussière brûlante, près de la bête et du faux prophète. Ils souffriront durement jour et nuit pour toujours. Ensuite, je vois un grand siège royal tout blanc, avec quelqu’un qui est assis dessus. La terre et le ciel disparaissent devant lui, et on ne les revoit plus. Et je vois les morts, les grands et les petits, debout devant le siège royal, et des livres sont ouverts. Puis un autre livre est ouvert : c’est le livre de vie . Et les morts sont jugés selon ce qu’ils ont fait, comme c’est écrit dans les livres. La mer rend les morts qu’elle contient. La mort et le monde des morts rendent aussi leurs morts, et chacun est jugé selon ce qu’il a fait. Puis la mort et le monde des morts sont jetés dans le lac de feu. Le lac de feu, c’est la deuxième mort. Et si quelqu’un n’a pas son nom écrit dans le livre de vie, il est jeté dans le lac de feu.

Revelasyon 20:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, m wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te gen kle tou san fon an ak yon gwo chenn nan men l. Li kenbe dragon an. Dragon sa, se li menm ki sèpan ki te la depi nan kòmansman an, sa vle di move lespri a, oubyen Satan. Zanj lan anchene l byen anchene pou yon dire mil (1,000) an. Li jete l nan tou san fon an, epi li fèmen bouch tou a byen fèmen a kle. Li fè sa pou dragon an pa rive twonpe nasyon yo pandan mil (1,000) an sa yo. Apre sa, y ap lage l pou yon ti tan tou kout. Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an. Lòt mò yo pa resisite anvan mil (1,000) an sa yo fin pase. Sa se premye rezireksyon an. Sa se premye rezireksyon an. Moun ki patisipe nan premye rezireksyon an, se moun ki beni tout bon vre, epi se moun ki apa pou Bondye. Dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Yo va tankou prèt k ap sèvi Bondye ansanm ak Kris la. Yo va wa ansanm avèk Kris pandan mil (1,000) an. Lè mil (1,000) an sa yo fin pase, yo va libere Satan nan prizon l te ye a. Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo. Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an. Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan. Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt. Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè. Lanmè a te remèt mò ki te ladan l yo. Lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo remèt mò pa yo tou, epi yo te jije yo dapre sa yo te fè. Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a. Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.

Revelasyon 20:1-15 New International Version (NIV)

And I saw an angel coming down out of heaven, having the key to the Abyss and holding in his hand a great chain. He seized the dragon, that ancient serpent, who is the devil, or Satan, and bound him for a thousand years. He threw him into the Abyss, and locked and sealed it over him, to keep him from deceiving the nations anymore until the thousand years were ended. After that, he must be set free for a short time. I saw thrones on which were seated those who had been given authority to judge. And I saw the souls of those who had been beheaded because of their testimony about Jesus and because of the word of God. They had not worshiped the beast or its image and had not received its mark on their foreheads or their hands. They came to life and reigned with Christ a thousand years. (The rest of the dead did not come to life until the thousand years were ended.) This is the first resurrection. Blessed and holy are those who share in the first resurrection. The second death has no power over them, but they will be priests of God and of Christ and will reign with him for a thousand years. When the thousand years are over, Satan will be released from his prison and will go out to deceive the nations in the four corners of the earth—Gog and Magog—and to gather them for battle. In number they are like the sand on the seashore. They marched across the breadth of the earth and surrounded the camp of God’s people, the city he loves. But fire came down from heaven and devoured them. And the devil, who deceived them, was thrown into the lake of burning sulfur, where the beast and the false prophet had been thrown. They will be tormented day and night for ever and ever. Then I saw a great white throne and him who was seated on it. The earth and the heavens fled from his presence, and there was no place for them. And I saw the dead, great and small, standing before the throne, and books were opened. Another book was opened, which is the book of life. The dead were judged according to what they had done as recorded in the books. The sea gave up the dead that were in it, and death and Hades gave up the dead that were in them, and each person was judged according to what they had done. Then death and Hades were thrown into the lake of fire. The lake of fire is the second death. Anyone whose name was not found written in the book of life was thrown into the lake of fire.

Revelasyon 20:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puis je vis un ange descendre du ciel. Il tenait à la main la clé de l’abîme et une grande chaîne. Il se saisit du dragon, de ce Serpent ancien qui est le diable et Satan. Il l’enchaîna pour mille ans. Il le précipita dans l’abîme qu’il ferma au-dessus de lui , en y mettant des scellés afin que le dragon ne puisse plus égarer les peuples avant le terme des mille ans. Après cela, il doit être relâché pour un peu de temps. Ensuite je vis des trônes. On remit le jugement entre les mains de ceux qui y prirent place. Je vis aussi les âmes de ceux qu’on avait décapités à cause du témoignage rendu par Jésus et à cause de la Parole de Dieu. Je vis encore tous ceux qui n’avaient pas adoré la bête ni son image et qui n’avaient pas reçu sa marque sur leur front et leur main. Ils vécurent et régnèrent avec Christ pendant mille ans. C’est la première résurrection. Les autres morts ne vécurent pas avant la fin des mille ans. Heureux et saints ceux qui ont part à la première résurrection. La seconde mort n’a pas prise sur eux. Ils seront prêtres de Dieu et de Christ, et ils régneront avec lui pendant les mille ans. Lorsque les mille ans seront écoulés, Satan sera relâché de sa prison et il s’en ira tromper les peuples des quatre coins de la terre, Gog et Magog. Il les rassemblera pour le combat, en troupes innombrables comme les grains de sable au bord des mers. Tous ces peuples s’ébranlèrent sur toute la surface de la terre et investirent le camp du peuple saint et la ville bien-aimée de Dieu. Mais un feu tomba du ciel et les consuma. Alors le diable, qui les trompait, fut jeté dans l’étang de feu et de soufre : il y rejoignit la bête et le faux prophète et ils y subiront des tourments, jour et nuit, pendant l’éternité. Ensuite je vis un grand trône blanc et celui qui y était assis. Le ciel et la terre s’enfuirent loin de sa présence. Ils disparurent sans laisser de trace. Je vis les morts, les grands et les petits, comparaissant devant le trône. Des livres furent ouverts. On ouvrit aussi un autre livre : le livre de vie. Les morts furent jugés, chacun d’après ses actes, suivant ce qui était inscrit dans ces livres. La mer avait rendu ses naufragés, la mort et le royaume des morts avaient rendu ceux qu’ils détenaient. Et tous furent jugés, chacun conformément à ses actes. Puis la mort et le séjour des morts furent précipités dans l’étang de feu. Cet étang de feu, c’est la seconde mort. On y jeta aussi tous ceux dont le nom n’était pas inscrit dans le livre de vie.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an