Revelasyon 16:1-21

Revelasyon 16:1-21 HAT98

Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: — Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. Premye zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil. Dezyèm zanj lan vide gode pa l la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. Twazyèm zanj lan vide gode pa l la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: — Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Kounyeya ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki sòti nan lotèl la ki t'ap di: — Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri. Katriyèm zanj lan vide gode pa l la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l te boule moun ak dife l la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye. Senkyèm zanj lan vide gode pa l la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo t'ap soufri yo. Men, yo pat sispann fè mal yo t'ap fè a. Sizyèm zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase. Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. Setyèm zanj lan vide gode pa l la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di: — Bon! Tout bagay fini kounyeya! Lè sa a zèklè pran fè yan, loray t'ap gwonde nan syèl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pat yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pat janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l bwè diven ki nan gode l la, diven gwo kòlè l la. Tout zile yo disparèt, pat gen mòn sou latè ankò. De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa sòti nan syèl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an