Revelasyon 16:1-21

Revelasyon 16:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: — Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. Premye zanj lan pati, li vide gode pa l la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l la, yo tout te kouvri ak move maleng ki t'ap fè yo soufri anpil. Dezyèm zanj lan vide gode pa l la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. Twazyèm zanj lan vide gode pa l la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: — Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Kounyeya ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki sòti nan lotèl la ki t'ap di: — Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri. Katriyèm zanj lan vide gode pa l la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l te boule moun ak dife l la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye. Senkyèm zanj lan vide gode pa l la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan syèl la poutèt doulè ak maleng yo t'ap soufri yo. Men, yo pat sispann fè mal yo t'ap fè a. Sizyèm zanj lan vide gode pa l la nan gwo larivyè Lefrat la. Rivyè a cheche pou l te ka kite wa ki sòti bò kote solèy leve yo pase. Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap sòti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble dènye wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. Setyèm zanj lan vide gode pa l la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di: — Bon! Tout bagay fini kounyeya! Lè sa a zèklè pran fè yan, loray t'ap gwonde nan syèl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pat yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pat janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l bwè diven ki nan gode l la, diven gwo kòlè l la. Tout zile yo disparèt, pat gen mòn sou latè ankò. De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa sòti nan syèl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.

Revelasyon 16:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

J’entends une voix forte qui vient du temple. Elle dit aux sept anges : « Allez verser sur la terre les sept coupes de la colère de Dieu. » Le premier ange part et il verse sa coupe sur la terre. Une plaie mauvaise et douloureuse frappe les gens qui portent la marque de la bête et qui adorent sa statue. Le deuxième ange verse sa coupe dans la mer. L’eau devient comme le sang d’un mort, et dans la mer, tous les êtres vivants meurent. Le troisième ange verse sa coupe dans les fleuves et dans les sources d’eau. Alors l’eau devient du sang. Et j’entends l’ange de l’eau. Il dit : « Toi qui es et qui étais, toi le saint, tu es juste en jugeant de cette façon. En effet, puisqu’ils ont versé le sang de ton peuple et des prophètes, tu leur as donné du sang à boire. Ils ont ce qu’ils méritent. » Puis j’entends une voix qui vient de l’autel. Elle dit : « Oui, Seigneur, Dieu tout-puissant, tes jugements sont vrais et justes. » Le quatrième ange verse sa coupe sur le soleil, et le soleil reçoit le pouvoir de brûler les gens par son feu. Alors les gens sont brûlés par une chaleur terrible et ils insultent le nom du Dieu qui a le pouvoir d’envoyer ces grands malheurs. Mais ils ne changent pas leur vie et ils refusent de reconnaître la grandeur de Dieu. Le cinquième ange verse sa coupe sur le siège de la bête. Et la nuit enveloppe le royaume de la bête. Les gens se mordent la langue, tellement ils souffrent. Ils insultent le Dieu qui est au ciel, à cause de leurs souffrances et de leurs plaies, mais ils continuent à faire le mal. Le sixième ange verse sa coupe dans le grand fleuve Euphrate, et le fleuve devient sec. Ainsi les rois, qui viennent du côté où le soleil se lève, pourront passer. Ensuite, je vois sortir trois esprits mauvais de la gueule du dragon , de la gueule de la bête et de la bouche du faux prophète. Ces esprits ressemblent à des grenouilles. Ce sont des esprits envoyés par Satan, qui font des choses extraordinaires. Ils vont trouver les rois du monde entier, ils veulent les réunir pour le combat du grand jour du Dieu tout-puissant. Le Seigneur dit : « Voilà, je viens comme un voleur. Il est heureux, celui qui ne s’endort pas et qui garde ses vêtements à côté de lui. Ainsi, il ne marchera pas tout nu et il n’aura pas honte quand les gens le verront. » Les esprits mauvais réunissent les rois à un seul endroit. En hébreu, on appelle cet endroit « Harmaguédon ». Le septième ange verse sa coupe dans l’air. Une voix forte sort du temple, elle vient du siège de Dieu et dit : « Maintenant, c’est fait ! » Alors, il y a des éclairs, des bruits, des coups de tonnerre et un tremblement de terre très violent. Depuis qu’il y a des êtres humains sur la terre, on n’a jamais vu un tremblement de terre comme celui-là. La grande ville se fend en trois parties, et les villes de tous les pays s’écroulent. Dieu se souvient de la grande ville de Babylone . Il lui donne à boire une coupe pleine du vin de sa terrible colère. Toutes les îles disparaissent, et on ne trouve plus les montagnes. Des gros blocs de glace tombent du ciel sur les gens. Les gens insultent Dieu, à cause du grand malheur de cette pluie de glace. En effet, ce malheur est vraiment terrible.

Revelasyon 16:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa m tande yon vwa byen fò nan tanp lan. Li di sèt anj yo konsa: “Al vide sèt koup kòlè Bondye yo sou latè.” Premye a pati, l al vide koup li a sou latè. Tout moun ki te gen mak bèt la epi ki t ap adore zidòl li a te pran nan yon move maleng ki t ap fè yo soufri anpil. Dezyèm anj lan vide koup pa l la sou lanmè a. Lè sa a, lanmè a vin tounen san, menm jan ak san yon moun mouri epi tout bèt nan lanmè a te mouri. Twazyèm anj lan vide koup pa l la nan gwo larivyè yo ak nan sous dlo yo. Yo vin tounen san. Lè sa a, m tande anj ki responsab dlo yo di Bondye konsa: “Ou menm ki la, ki te toujou la, ou menm ki sen, ou jis vre, pou fason ou fè jijman w yo. Paske moun yo te fè san koule, san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo. Kounye a ou ba yo san pou yo bwè. Se sa yo merite.” Epi m tande lotèl la di: “Wi, Senyè Bondye toupuisan an, jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.” Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife. Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo. Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo. Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.” Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre. Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fin i!” Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a. Tout zile yo disparèt, pa gen mòn ankò sou latè. Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo. Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.

Revelasyon 16:1-21 New International Version (NIV)

Then I heard a loud voice from the temple saying to the seven angels, “Go, pour out the seven bowls of God’s wrath on the earth.” The first angel went and poured out his bowl on the land, and ugly, festering sores broke out on the people who had the mark of the beast and worshiped its image. The second angel poured out his bowl on the sea, and it turned into blood like that of a dead person, and every living thing in the sea died. The third angel poured out his bowl on the rivers and springs of water, and they became blood. Then I heard the angel in charge of the waters say: “You are just in these judgments, O Holy One, you who are and who were; for they have shed the blood of your holy people and your prophets, and you have given them blood to drink as they deserve.” And I heard the altar respond: “Yes, Lord God Almighty, true and just are your judgments.” The fourth angel poured out his bowl on the sun, and the sun was allowed to scorch people with fire. They were seared by the intense heat and they cursed the name of God, who had control over these plagues, but they refused to repent and glorify him. The fifth angel poured out his bowl on the throne of the beast, and its kingdom was plunged into darkness. People gnawed their tongues in agony and cursed the God of heaven because of their pains and their sores, but they refused to repent of what they had done. The sixth angel poured out his bowl on the great river Euphrates, and its water was dried up to prepare the way for the kings from the East. Then I saw three impure spirits that looked like frogs; they came out of the mouth of the dragon, out of the mouth of the beast and out of the mouth of the false prophet. They are demonic spirits that perform signs, and they go out to the kings of the whole world, to gather them for the battle on the great day of God Almighty. “Look, I come like a thief! Blessed is the one who stays awake and remains clothed, so as not to go naked and be shamefully exposed.” Then they gathered the kings together to the place that in Hebrew is called Armageddon. The seventh angel poured out his bowl into the air, and out of the temple came a loud voice from the throne, saying, “It is done!” Then there came flashes of lightning, rumblings, peals of thunder and a severe earthquake. No earthquake like it has ever occurred since mankind has been on earth, so tremendous was the quake. The great city split into three parts, and the cities of the nations collapsed. God remembered Babylon the Great and gave her the cup filled with the wine of the fury of his wrath. Every island fled away and the mountains could not be found. From the sky huge hailstones, each weighing about a hundred pounds, fell on people. And they cursed God on account of the plague of hail, because the plague was so terrible.

Revelasyon 16:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

J’entendis une voix forte venant du Temple dire aux sept anges : Allez et versez sur la terre les sept coupes de la colère divine ! Le premier s’en alla et versa sa coupe sur la terre. Un ulcère malin et douloureux frappa les hommes qui portaient la marque de la bête et qui adoraient son image. Le deuxième ange versa sa coupe dans la mer ; celle-ci devint comme le sang d’un mort, et tous les êtres vivants de la mer périrent ! Le troisième ange versa sa coupe sur les fleuves et les sources : les eaux se changèrent en sang. Alors j’entendis l’ange qui a autorité sur les eaux dire : Tu es juste, toi qui es et qui étais, toi le Saint, d’avoir ainsi fait justice. Parce qu’ils ont versé le sang des membres du peuple saint et des prophètes, tu leur as aussi donné à boire du sang. Ils reçoivent ce qu’ils méritent. Et j’entendis l’autel qui disait : Oui, Seigneur, Dieu tout-puissant, tes arrêts sont conformes à la vérité et à la justice ! Le quatrième ange versa sa coupe sur le soleil. Il lui fut donné de brûler les hommes par son feu. Les hommes furent atteints de terribles brûlures, et ils insultèrent Dieu qui a autorité sur ces fléaux, mais ils refusèrent de changer et de lui rendre hommage. Le cinquième ange versa sa coupe sur le trône de la bête. Alors de profondes ténèbres couvrirent tout son royaume, et les hommes se mordaient la langue de douleur. Sous le coup de leurs souffrances et de leurs ulcères, ils insultèrent le Dieu du ciel, et ils ne renoncèrent pas à leurs mauvaises actions. Alors le sixième ange versa sa coupe dans le grand fleuve, l’Euphrate. Ses eaux tarirent, pour que soit préparée la voie aux rois venant de l’orient. Je vis alors sortir de la gueule du dragon, de celle de la bête et de la bouche du faux prophète, trois esprits impurs ressemblant à des grenouilles. Ce sont des esprits démoniaques qui accomplissent des signes prodigieux ; ils s’en vont trouver les rois du monde entier pour les rassembler pour le combat du grand jour du Dieu tout-puissant. Voici : je viens comme un voleur ! Heureux celui qui se tient éveillé et qui garde ses vêtements, afin de ne pas aller nu, en laissant apparaître sa honte aux yeux de tous ! Les esprits démoniaques rassemblèrent les rois dans le lieu appelé en hébreu Harmaguédon. Le septième ange enfin versa sa coupe dans les airs. Une voix forte, venant du trône, sortit du Temple. – C’en est fait, dit-elle. Alors, il y eut des éclairs, des voix et des coups de tonnerre, et un violent tremblement de terre ; on n’en avait jamais vu d’aussi terrible depuis que l’homme est sur la terre. La grande ville se disloqua en trois parties et les villes de tous les pays s’écroulèrent. Alors Dieu se souvint de la grande Babylone pour lui donner à boire la coupe pleine du vin de son ardente colère. Toutes les îles s’enfuirent et les montagnes disparurent. Des grêlons énormes, pesant près d’un demi-quintal, s’abattirent du ciel sur les hommes ; et ceux-ci insultèrent Dieu à cause du fléau de la grêle, car il était absolument terrible.