Sòm 93

93
SÒM 93 (92)
Se Bondye ki wa
1Senyè a #1 Kwo 16.31; Sòm 65.6; 96.10; 104.1; Eza 51.9; Rev 19.6 ap gouvènen.
Gade jan li gen pouvwa!
Gade jan li gen fòs!
Latè kanpe fèm nan plas li,
anyen pa ka brannen l.
2Senyè, #Sòm 45.6; 90.2 gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan.
Ou menm, ou la depi tout tan.
3Larivyè #Sòm 98.7,8; Aba 3.10 yo desann, Senyè,
larivyè yo ap fè bri.
Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
4Men, #Sòm 65.6,7; 92.8 Senyè a se sèl chèf nan syèl la.
Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde,
li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
5Senyè, #Sòm 19.7; 29.2 kòmandman ou yo la pou tout tan.
Kay ou se yon kay ki apa pou ou
pou tout tan tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 93: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte