Sòm 86

86
SÒM 86 (85)
Lapriyè pou mande sekou
(1a) Se #Sòm 31.2; 40.17 yon lapriyè David te fè.
1(1b) Senyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m, reponn mwen,
paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
2Pa kite m mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m fè.
Bondye mwen, delivre m non,
paske se ou menm m'ap sèvi,
se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
3Gen #Sòm 56.1; 57.1 pitye pou mwen, Senyè,
paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!
4#Sòm 25.1 kè sèvitè ou la kontan, Senyè,
paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
5Senyè, #Nonb 14.18; Sòm 130.4 ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo.
Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
6Senyè, #Sòm 55.1 koute m non lè m'ap lapriyè!
Tande m non lè m'ap rele mande sekou!
7Lè m #Sòm 17.6; 77.2 nan tray, se ou menm mwen rele,
paske ou toujou reponn mwen.
8Senyè, #Egz 15.11; Det 3.24; 1 Sam 2.2; Sòm 35.10 nan tout bondye yo, pa gen tankou ou!
Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
9Tout #Sòm 66.4; Eza 66.23; Rev 15.4 nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou!
Y'a fè lwanj ou,
10paske #Det 6.4; Sòm 72.18; Eza 37.16; 1 Kor 8.4; Ef 4.6 se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa,
se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo.
Se ou menm sèl ki Bondye.
11Senyè, #Sòm 25.4; 26.3 moutre m jan ou vle m viv la.
M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans.
Moutre m jan pou m sèvi ou avèk krentif.
12Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m,
mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
13Ala #Sòm 30.3; 56.13 renmen ou renmen mwen!
Ou wete m nan bouch twou a.
14Bondye, #Sòm 54.3 yon bann awogan leve dèyè m!
Yon kantite mechan sòti pou yo touye m!
Yo pa menm chonje si gen Bondye!
15Senyè, #Egz 34.6; Ney 9.17; Sòm 103.8; 111.4; 145.8; Jowèl 2.13; Jo 4.2 ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou,
yon Bondye ki gen bon kè.
Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou,
ou toujou kenbe pawòl ou!
16Voye #Sòm 25.16; 116.16 je ou sou mwen.
Gen pitye pou mwen!
Ban m fòs ankò, delivre m,
paske mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou.
17#Jij 6.17 kichòy pou mwen, Senyè!
Fè moun ki pa vle wè m yo wont,
lè yo wè se ou menm ki pote m sekou,
se ou menm ki ban m konsolasyon!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 86: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte