Sòm 82

82
SÒM 82 (81)
Bondye sèl chèf
(1a) Se #Joz 22.16,17; Ekl 5.8 yon sòm Asaf.
1(1b) Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la,
li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
2Li #Det 1.17; Pwo 18.5 di: — Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije?
Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
3Pran #Sòm 10.18; Jer 22.3 defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo!
Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
4Delivre #Jòb 29.12; Pwo 24.11 pòv malere ak endijan yo!
Delivre yo anba men mechan yo.
5Nou #Sòm 11.3; 14.4; Pwo 2.13 sòt, nou pa konprann anyen!
N'ap mache nan fènwa.
Pa gen jistis sou latè ankò!
6Mwen #Jan 10.34 te di se bondye nou ye,
nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
7Men, #Jòb 21.32; Eze 28.2-10 nou gen pou nou mouri tankou tout moun,
wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
8Leve #Sòm 2.8; 12.5; Rev 11.15 non, Bondye, vin jije latè!
Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 82: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an