(2) Senyè, pa pini mwen non lè ou fache! Pa kale mwen lè ou ankòlè! (3) Gen pitye pou mwen, Senyè, paske mwen santi m san fòs. Geri mwen, Senyè, paske m'ap deperi. (4) Lespri m boulvèse anpil, Senyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò? (5) Tounen vin delivre m non, Senyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri. (6) Paske, lè yon moun mouri li pa ka chonje ou ankò. Pèsonn p'ap fè lwanj ou kote mò yo ye a. (7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs je m kouri dlo. (8) Figi m fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m yo.
Li Sòm 6
Koute Sòm 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 6:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo