(8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou. (9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! (10) Senyè, ma fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! (11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. (12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
Li Sòm 57
Koute Sòm 57
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 57:7-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo