Sòm 57

57
SÒM 57 (56)
Lapriyè pou mande sekou
(1) Pou #Sòm 17.8; 91.4; Eza 26.20 chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l.
1(2) Gen #Sòm 138.8 pitye pou mwen, Bondye!
— Gen pitye pou mwen!
Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
Se anba zèl ou m'ap kache
jouk lè danje a fin pase.
2(3) M'ap #Sòm 18.16; 40.11; 43.3; 56.1 kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la,
nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
3(4) L'ap #Sòm 64.3; Pwo 30.14 rete nan syèl la, l'ap delivre m
anba men moun k'ap pèsekite m yo.
Bondye va fè m wè jan li renmen mwen,
jan li toujou kenbe pawòl li.
4(5) Mwen #Sòm 108.5 kouche nan mitan yon bann lyon
ki prèt pou devore mwen.
Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn,
lang yo tankou yon ponya byen file.
5(6) Bondye, #Jòb 18.8; Sòm 7.15 fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non!
Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
6(7) Lènmi m #Sòm 108.1-5 yo #Sòm 112.7 tann yon pèlen sou wout kote pou m pase a.
Kè m sere anpil.
Yo fouye yon twou sou wout mwen.
Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
7(8) Bondye, #Jij 5.12; 1 Kwo 15.16; Sòm 16.9 mwen pare, wi, mwen pare.
Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
8(9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve.
M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen.
Mwen pral fè solèy leve!
9(10) Senyè, #Sòm 36.5 ma fè lwanj ou nan mitan pèp yo!
M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
10(11) Ou renmen nou anpil anpil,
ou toujou kenbe pawòl ou.
11(12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non!
Fè wè pouvwa ou sou tout latè!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 57: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an