Sòm 53

53
SÒM 53 (52)
Foli ak mechanste lèzòm
(Sòm 14)
(1) Pou #Sòm 14.1-7 chèf #Wòm 3.10-12 sanba #Sòm 10.4 yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David.
1(2) Moun #2 Kwo 19.3; Sòm 102.19 fou di nan kè yo:
— Pa gen Bondye!
Yo tout fin pouri.
Y'ap fè yon bann mechanste.
Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
2(3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba,
pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann,
si gen ladan yo k'ap chache l.
3(4) Men, #Sòm 79.6; Eza 1.3; Jer 4.22; 10.25; Oze 7.7; Mi 3.3 yo tout vire do bay Bondye.
Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal.
Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen,
non, pa menm gen yon sèl ladan yo.
4(5) Bondye #Lev 26.36; Sòm 141.7; Pwo 28.1 di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste,
se konnen yo pa konnen?
Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv.
Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.
5(6) Men #Sòm 85.1; Eze 39.25; Oze 6.11; Jowèl 3.1 tou, yo pral sezi, yo pral tranble,
san pa gen rezon pou yo tranble.
Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo,
w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
6(7) Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an
pou l delivre pèp Izrayèl li a?
Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò,
pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt.
Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 53: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte