Sòm 45

45
SÒM 45 (44)
Chante pou maryaj wa a
(1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou.
1(2) Mwen #Lik 4.22 gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen.
Mwen pral chante yon chante pou wa a,
mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
2(3) Pa #Sòm 21.5; 24.8; Rev 1.16; 19.15 gen pi bèl gason pase ou sou tout latè.
Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou.
Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
3(4) Ou #Rev 6.2 menm vanyan gason,
pase nepe ou nan ren ou,
pou moun ka wè jan ou gen pouvwa,
pou yo ka gen respè pou ou.
4(5) Moute sou cha ou, al goumen,
pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou.
Kouray ou ap fè ou genyen batay la.
5(6) Flèch #Eb 1.8,9 ou #Sòm 93.2 yo pwenti.
Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou.
Lènmi wa a pèdi tout kouray yo.
6(7) Gouvènman #1 Wa 1.39; Sòm 11.7; 21.6; Eza 61.1; Tra 10.38 ou lan la pou tout tan tout tan.
W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
7(8) Ou renmen tou sa ki byen,
ou rayi tou sa ki mal.
Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou.
Li fè kè ou kontan nèt ale:
Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
8(9) Tout #1 Wa 2.19; 9.28 rad ou santi bon ak odè flè jasmen, wonmaren ak sitwonèl.
Nan palè ou ki kouvri ak livwa,
y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
9(10) Pami medanm k'ap sèvi lakay ou yo
anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye.
Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl.
Li gen sou li bijou fèt an lò ki sòti peyi Ofi.
10(11) Koute, #Eza 54.5 mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou:
— Ou mèt bliye pèp kote ou sòti a.
Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
11(12) Wa a #Jòb 11.19; Sòm 22.29; 72.10 pa manke renmen ou, paske ou bèl.
Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l.
12(13) Moun #Rev 19.7,8 peyi Tir ap pote anpil kado ba ou.
Moun rich yo ap vin flate ou.
13(14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl!
Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
14(15) Yo mennen l bò kote wa a,
avèk bèl rad bwode li sou li.
Tout fidonè li yo ap mache dèyè l:
yo prezante yo ba ou tou.
15(16) Y'ap #1 Pyè 2.9; Rev 1.6 vini, yo kontan, y'ap chante,
y'ap antre nan palè wa a.
16(17) Monwa, #Mal 1.11 pitit ou yo va chita
kote zansèt ou yo te chita a.
W'ap mete yo chèf sou tout latè.
17(18) Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou,
konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 45: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an