Sòm 25

25
SÒM 25 (24)
Mande Bondye dirije nou
(1a) Se #Sòm 143.8; Lam 3.41 yon sòm David.
1(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou.
Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
2Piga #Sòm 25.20; 31.1; 71.1 ou fè m wont,
pa kite lènmi yo pase m nan betiz.
3Wi, #Eza 49.23; Jer 3.20; Wòm 10.11 moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont.
Men, moun ka sòti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
4Senyè, #Egz 33.13; Sòm 27.11 fè m konnen jan ou vle m viv la!
Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!
5Moutre m #Sòm 86.11 sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la,
paske se ou menm ki delivrans mwen.
Se sou ou mwen konte tout jounen.
6Senyè, #Jen 9.15; 19.29; Sòm 51.1 chonje jan ou gen kè sansib,
chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
7Pa #Jòb 13.26; Jer 3.25 chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn.
Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè,
tanpri, pa bliye m!
8Senyè a #Sòm 32.8; 100.5 bon, li pa nan patipri,
li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
9Li pran men moun ki soumèt devan l yo,
li fè yo mache nan bon chemen an,
li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
10Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a,
moun ki obeyi kòmandman l yo,
li fè yo wè jan li renmen yo,
jan li p'ap janm lage yo.
11Senyè, #Sòm 31.3; 79.9; Wòm 5.20 poutèt non ou pote a,
padonnen peche m yo, paske yo anpil.
12Si #Sòm 32.8 yon moun gen krentif pou Senyè a,
Senyè a va moutre l chemen pou l pran.
13L'ap #Sòm 37.9; 112.2; Pwo 1.33 toujou gen kè kontan.
Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
14Senyè a, #Jòb 29.4; Am 3.7 se zanmi moun ki gen krentif pou li.
Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
15Se #Sòm 31.4; 123.1,2 sou Senyè a m'ap gade tout tan,
l'ap delivre m lè m nan move pa.
16Senyè, #Sòm 86.16 vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen,
paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.
17Pa kite m ak kè sere sa a.
Wete m nan tray m'ap pase a.
18Gade nan ki mizè mwen ye!
Gade jan m'ap soufri!
Padonnen tout peche m yo.
19Gade tout kantite lènmi mwen genyen!
Gade jan yo rayi m, jan y'ap pousib mwen.
20Pwoteje m #Sòm 25.2 non! Delivre m non!
Piga ou fè m wont,
paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon,
se anba zèl ou mwen vin kache.
21Fè m viv yon jan ki san repwòch.
Fè m mache dwat pou ou ka pwoteje m,
paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
22O #2 Sam 4.9; Sòm 34.22; 130.8 Bondye, delivre pèp Izrayèl la
anba tray l'ap pase yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an