(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Piga ou fè m wont, pa kite lènmi yo pase m nan betiz. Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka sòti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi. Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a! Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen. Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m! Senyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la. Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.
Li Sòm 25
Koute Sòm 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 25:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo