Sòm 24

24
SÒM 24 (23)
Wa ki gen pouvwa a
(1a) Se #Egz 9.29; Jòb 41.11; Sòm 50.12; 89.11; 1 Kor 10.26 yon sòm David.
1(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li.
Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l.
2Li #Sòm 136.6; Pwo 8.29 mete fondasyon tè a nan fon lanmè,
li fè l chita sou gwo larivyè yo.
3Ki #Sòm 15.1-5 moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a?
Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
4Se #Jòb 22.30; Sòm 73.1; 119.37; Mat 5.8 moun ki pa fè anyen ki mal,
moun ki pa gen move lide nan tèt yo.
Se moun ki pa nan bay manti,
moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
5Senyè a #Jen 22.17,18; Sòm 27.9; 51.14; 88.1; Eza 46.13 va beni moun konsa.
Bondye k'ap delivre l la va fè l gras.
6Se #Sòm 105.4 moun konsa ki pou chache Senyè a,
ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
7Wete #Sòm 118.19,20; 1 Kor 2.8 lento pòt yo!
Louvri batan pòt yo gran louvri
pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
8Kilès #Egz 15.3 ki wa ki gen pouvwa sa a?
Se Senyè ki gen fòs ak kouray la,
li vanyan nan batay.
9Wete lento pòt yo!
Louvri batan pòt yo gran louvri
pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
10Kilès #Mal 1.14 ki wa ki gen pouvwa sa a?
Se Senyè ki chèf lame zanj yo,
se li menm ki wa ki gen pouvwa a.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 24: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an