Sòm 22

22
SÒM 22 (21)
Lapriyè ak lwanj Bondye
(1) Pou #Sòm 38.8; Mat 27.46; Mak 15.34; Eb 5.7 chèf sanba yo. Se pou yo chante l sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David.
1(2) Bondye! #Sòm 88.1 Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa?
Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou,
san koute jan m'ap plenn?
2(3) Tout #Lev 19.2; Sòm 80.1; 147.12 lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn.
Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.
3(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a.
Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
4(5) Zansèt #Jij 3.9; Sòm 25.2; Wòm 9.33 nou yo te mete konfyans yo nan ou.
Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
5(6) Lè #Jòb 25.6; Sòm 69.19; Eza 53.3 yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa.
Wi, yo te mete konfyans yo nan ou,
yo pat janm regrèt yo te fè sa.
6(7) Men, #2 Wa 19.21; Sòm 109.25; Mak 15.29-32 se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen.
Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz.
7(8) Tout #Sòm 18.19; 37.5; 91.14; Mak 1.11 moun ki wè m pase m nan rizib.
Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
8(9) Y'ap #Sòm 71.6 di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou?
Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?
9(10) Se #Eza 49.1; Gal 1.15 ou menm ki te fè m sòti san danje nan vant manman m.
Se ou menm ankò ki te pwoteje m lè m te nan tete.
10(11) Depi #Sòm 10.1; Eza 63.5 nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m.
Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
11(12) Pa rete lwen m konsa.
Malè prèt pou tonbe sou mwen,
mwen pa gen pèsonn pou ede m.
12(13) Lemni m #Jòb 16.10; Sòm 35.21; 1 Pyè 5.8 yo anpil, yo sènen m toupatou.
Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan.
Kote m vire yo la.
13(14) Yo #Joz 2.11; Na 2.10 louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde,
ki prèt pou dechire mwen.
14(15) Mwen #Jòb 29.10; Pwo 17.22; Jan 19.28 pèdi tout fòs mwen,
tankou dlo ki tonbe atè.
Tout zo nan kò m dejwente.
Mwen santi kè m ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
15(16) Fòs #Mak 15.24; Lik 24.40; Jan 19.23; 20.20,25 mwen ap cheche, tankou labou nan solèy.
Lang mwen kole nan fon bouch mwen.
Mwen santi m prèt pou mouri.
16(17) Tankou #Mat 27.36; Lik 23.35 yon bann chen, mechan yo sènen m.
Bann mechan yo fèmen m toupatou.
Yo kraze #22.16: yo kraze: Dapre sa nou jwenn nan ansyen vèsyon yo, men tèks ebre a bay: tankou lyon. de men m ak de pye m yo.
17(18) Tout #Mat 27.35; Mak 15.24; Lik 23.34; Jan 19.23,24 zo nan kò m parèt.
Y'ap gade m, y'ap veye m.
18(19) Y'ap #Sòm 38.22 separe rad mwen ant yo menm,
y'ap tire osò pou rad mwen an.
19(20) Pa #Sòm 35.17 rete lwen m konsa, Senyè.
Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m sekou.
20(21) Pa #2 Tim 4.17 kite yo touye m ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m.
21(22) Wete m #Mat 28.10; Jan 17.6; 20.17; Eb 2.12 nan bouch lyon yo.
Delivre m anba towo savann sa yo.
Ou reponn mwen, Senyè!
22(23) M'a di frè m yo tout sa ou te fè pou mwen.
M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
23(24) Nou #Sòm 10.1; 13.1; Eb 5.7 tout ki gen krentif pou Senyè a, fè lwanj li.
Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li.
Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
24(25) Li #Sòm 66.13; Jo 2.9 pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l sou soufrans yo.
Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l, li reponn.
25(26) M'a #Sòm 69.32 fè lwanj ou pou sa ou fè,
nan mitan tout moun yo lè yo reyini.
M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo,
devan tout moun ki gen krentif
pou ou yo.
26(27) Pòv #Sòm 2.8; 67.7; 96.7 yo va manje mezi yo kapab.
Moun k'ap chache Senyè a va fè lwanj li.
Y'a viv ak kè poze pou tout tan.
27(28) Tout #Sòm 47.8; Abd 21; Zak 14.9 nasyon va chonje sa Senyè a te fè.
Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li.
Moun tout peyi va adore li.
28(29) Se #Sòm 45.12 Senyè a ki wa.
Se li ki donminen sou tout nasyon.
29(30) #22.29-31: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di pou vèsè sa yo. Tout #Sòm 71.18; 78.6 grannèg sou latè va bese tèt devan li.
Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
30(31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li.
Moun va rakonte istwa Senyè a bay pitit yo.
31(32) Pitit yo menm va fè pitit pa yo konnen
jan Senyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li fè pou yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an