(23) M'a di frè m yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. (24) Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. (25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l, li reponn. (26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. (27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Senyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. (28) Tout nasyon va chonje sa Senyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. (29) Se Senyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. (30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. (31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Senyè a bay pitit yo.
Li Sòm 22
Koute Sòm 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 22:22-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo