Sòm 22:1-31

Sòm 22:1-31 HAT98

(2) Bondye! Bondye! Poukisa ou lage mwen konsa? Poukisa ou kouri lwen mwen san ou pa pote mwen sekou, san koute jan m'ap plenn? (3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. (4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. (5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. (6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pat janm regrèt yo te fè sa. (7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m, tout moun ap pase m nan betiz. (8) Tout moun ki wè m pase m nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. (9) Y'ap di m konsa: — Jan ou te konte sou Senyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Senyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou? (10) Se ou menm ki te fè m sòti san danje nan vant manman m. Se ou menm ankò ki te pwoteje m lè m te nan tete. (11) Depi nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen. (12) Pa rete lwen m konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pèsonn pou ede m. (13) Lemni m yo anpil, yo sènen m toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m vire yo la. (14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen. (15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m dejwente. Mwen santi kè m ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. (16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m prèt pou mouri. (17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m. Bann mechan yo fèmen m toupatou. Yo kraze de men m ak de pye m yo. (18) Tout zo nan kò m parèt. Y'ap gade m, y'ap veye m. (19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an. (20) Pa rete lwen m konsa, Senyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m sekou. (21) Pa kite yo touye m ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m. (22) Wete m nan bouch lyon yo. Delivre m anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Senyè! (23) M'a di frè m yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. (24) Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. (25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l, li reponn. (26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. (27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Senyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. (28) Tout nasyon va chonje sa Senyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. (29) Se Senyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. (30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. (31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Senyè a bay pitit yo. (32) Pitit yo menm va fè pitit pa yo konnen jan Senyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li fè pou yo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Sòm 22:1-31