Sòm 20

20
SÒM 20 (19)
Lapriyè pou wa a gen laviktwa
(1) Pou #Jen 35.3; Sòm 59.1 chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(2) Se pou Senyè a reponn ou lè ou anba tray.
Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.
2(3) Se #Tra 10.4 pou l rete lakay li pou l voye ede ou.
Se pou l rete sou mòn Siyon an pou l soutni ou.
3(4) Se #Sòm 21.2 pou l chonje tou sa ou ofri ba li,
pou l kontan tout bèt ou fè touye pou li.
4(5) Se #1 Sam 17.45; Sòm 60.4 pou l ba ou tou sa
ou ta renmen.
Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.
5(6) Lè #Sòm 28.8 sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la.
N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an.
Se pou Senyè a ba ou tou sa ou mande l.
6(7) Kounyeya, #2 Kwo 32.8; Pwo 21.31; Eza 31.1 mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la.
Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li.
Li fè l genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
7(8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè.
Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo.
Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an,
nou mete konfyans nou.
8(9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe.
Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.
9(10) Senyè, fè wa a genyen batay la non!
Reponn nou non, lè n'ap rele ou!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an