(2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l. (3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an. Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a. (4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. (5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la. (6) Solèy la menm sòti tankou yon nonm ki fenk marye k'ap sòti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon grannèg ki konnen li deja genyen kous la. (7) Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.
Li Sòm 19
Koute Sòm 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 19:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo