Sòm 17

17
SÒM 17 (16)
Lapriyè yon inonsan
(1a) Se #Sòm 61.1; 142.6 yon lapriyè David.
1(1b) Senyè, koute kòz mwen lè m gen rezon!
Pran ka m, lè m'ap rele nan pye ou!
Koute m non, lè m'ap lapriyè ou,
paske mwen p'ap bay manti.
2Se ou menm ki pral fè m jistis,
paske ou wè kote jistis la ye.
3Ou #Jòb 23.10; Zak 13.9; 1 Pyè 1.7 mèt sonde kè m,
ou mèt vin wè m nan mitan lannwit,
ou mèt egzaminen m tout jan,
ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m.
Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m.
4Mwen pa fè tankou lòt yo.
Mwen obeyi kòmandman ou yo.
Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.
5Se #Jòb 23.11 nan chemen ou yo mwen toujou mache.
Se yo menm mwen swiv nèt ale.
6M'ap #Sòm 116.1,2 rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen.
Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m, koute sa m'ap di ou:
7Fè moun wè jan ou gen bon kè,
ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo,
lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.
8Pwoteje m #Det 32.10; Rit 2.12; Sòm 36.7; 91.4; Mat 23.37 tankou grenn je ou.
Kache m anba zèl ou.
9Wete m anba men mechan k'ap maltrete m yo.
Lènmi m yo sòti pou yo touye m, yo sènen m toupatou.
10Yo #Jòb 15.27; Sòm 73.7; 119.70; Eza 6.10 san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.
11Kote m #1 Sam 23.26 fè, yo fann dèyè m. Yo fin sènen m nèt.
Y'ap chache okazyon pou yo mete m atè.
12Yo #Sòm 10.9 tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m.
Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m.
13Leve non, Senyè. Mache pran lènmi m yo. Fese yo atè.
Rale nepe ou, delivre m anba men mechan yo.
14Sove m #Jòb 21.8,11; Sòm 10.18; Mat 6.2,5,16; Lik 16.8,25 anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou.
Tout byen yo se byen latè.
Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen.
Pitit yo pa manke anyen.
Yo kite rès pou pitit pitit yo.
15Men #Jòb 19.26,27; Sòm 11.7; 1 Jan 3.2 pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan.
Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an