Sòm 16

16
SÒM 16 (15)
Se Bondye ki fè kè nou kontan
(1a) Sè #Sòm 25.20 yon kantik David.
1(1b) Pwoteje m, Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
2Mwen #Sòm 73.25 di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen.
Se ou menm ki tout mwen.
Pa gen pase ou!
3Tout #Det 7.6; 1 Pyè 2.9 plezi m se pou m toujou la avè moun k'ap sèvi Senyè a nan peyi a.
4Moun #Egz 23.13; Joz 23.7 k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo,
se traka y'ap chache bay tèt yo. #16.4: Moun k'ap kouri…chache bay tèt yo: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di.
Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè.
Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
5Senyè, #Nonb 18.20; Sòm 23.5; 119.57 se ou menm ki tout byen mwen.
Se ou ki ban m tou sa m merite.
Lavi m nan men ou.
6Ala #Sòm 78.55 yon bèl eritay ki vin pou mwen!
Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m lan!
7M'ap #1 Sam 23.9-12; 2 Sam 5.18,19 fè lwanj Senyè a paske li ban m bon konsèy.
Menm lannwit, konsyans mwen di m sa pou m fè.
8Mwen #Tra 2.25-28 toujou #Sòm 109.31 mete Senyè a devan je m.
Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.
9Se poutèt sa, kè m kontan anpil.
Mwen santi se tout tan mwen ta chante.
Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.
10Paske #Sòm 49.9,15; Mak 1.24; Lik 1.35; Tra 13.35 ou p'ap kite m kote mò yo ye a,
ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
11W'a #Sòm 21.6; 36.8; Mat 7.14 fè m konnen chemen ki bay lavi a.
Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan.
Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte