Sòm 136:1-26

Sòm 136:1-26 HAT98

Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li bati tè a sou dlo yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou: Se li ki kreye lalin ak solèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Solèy pou klere lajounen. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Lalin ak zetwal pou klere lannwit. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Se li menm ki te fann lanmè wouj la fè de. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Men, li pouse farawon an ak tout lame li a nan mitan Lanmè Wouj la. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan dezè a. Non, li p'ap janm sispann po renmen nou! Li kraze wa ki te gen pouvwa. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li kraze wa ki te gen pouvwa. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Siyon, wa Amon an. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Og, wa peyi Bazan an. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li bay moun Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li pa te bliye nou lè nou te anba kou. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Se li ki bay tout moun ak tout bèt manje. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Di Bondye nan syèl la mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!