Sòm 127

127
SÒM 127 (126)
Ala bon Bondye bon
(1a) Se #Sòm 121.4 yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la,
travay moun k'ap bati yo pa vo anyen.
Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la,
travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
2Sa #Jen 3.17 pa vo lapenn pou nou leve granmaten,
pou nou kouche ta,
pou nou travay di pou n ka manje,
paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
3Pitit #Jen 33.5; Det 28.4 se kado Bondye bay,
se yon rekonpans pou manman ak papa.
4Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l,
se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.
5Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa!
Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 127: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an