Sòm 126

126
SÒM 126 (125)
Lapriyè pou mande delivrans
(1a) Se #Tra 12.9 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Lè Senyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo,
se tankou si nou te nan rèv: Nou pat vle kwè se te vre!
2Ala #Jòb 8.21; Sòm 71.19 ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan!
Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di:
— Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
3Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou,
sa te fè kè nou kontan anpil.
4Senyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo,
menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.
5Moun #Ney 12.43; Jer 31.9 ki simen ak dlo nan je
ap rekòlte ak kè kontan.
6Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo,
y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 126: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an