Sòm 124

124
SÒM 124 (123)
Bondye ap delivre pèp li a
(1a) Se #Joz 1.5; Sòm 94.17; Wòm 8.31 yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Si Senyè a pa te kanpe pou nou, kijan sa ta ye!
Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.
2Wi, si Senyè a pa te kanpe pou nou,
lè moun yo te leve dèyè nou an,
3yo #Sòm 35.25; 56.1; Jer 51.34 ta vale nou tou vivan,
lè yo te move sou nou an.
4Dlo #Sòm 32.6; 69.1,2 ta kouvri nou,
lavalas ta pase sou nou.
5Wi, lavalas ta pote nou ale.
6Ann fè lwanj Senyè a ki pa kite
lènmi nou yo devore nou.
7Nou #Sòm 91.3 chape tankou yon ti zwazo ki chape sòti nan pèlen chasè.
Fil pèlen an kase.
Nou chape, n'ale.
8Se #Sòm 121.2; Eza 50.10; Eb 13.6 Senyè a k'ap pote nou sekou,
se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 124: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte