Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m nan men lènmi m yo. Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. Je m yo fè m mal tèlman m'ap tann ou vin sove m, jan ou te pwomèt fè m jistis la. Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m sa ou vle m fè a. Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m, pou m ka konnen prensip ou yo. Senyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.
Li Sòm 119
Koute Sòm 119
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 119:121-128
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo