Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l. Lanmò te fin vlope m. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li: — Tanpri, Senyè, delivre m non! Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Senyè a te bon pou mwen. Senyè, ou delivre m anba lanmò. Ou fè m sispann kriye. Ou pa kite m bite.
Li Sòm 116
Koute Sòm 116
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 116:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo