Sòm 114

114
SÒM 114 (113a)
Chante pou fèt Delivrans lan
1#Egz 12.37,41; Sòm 81.5 pèp Izrayèl la te sòti nan peyi Lejip,
lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
2Bondye #Egz 19.5,6; Sòm 78.68,69 chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li,
moun Izrayèl yo pou byen pa l.
3#Egz 14.21; Joz 3.13-16 Lanmè Wouj la #114.3: Lanmè Wouj la: Dapre tèks ebre a, se pou n ta di: Lanmè Wozo yo pito. wè l, li pran kouri san gad dèyè.
Larivyè Jouden sispann koule desann.
4Mòn #Sòm 18.7; 29.6 yo sote ponpe tankou bouk kabrit,
ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
5Kisa k #Aba 3.8 pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa?
Ou menm larivyè Jouden, kisa k rive ou kifè ou sispann koule?
6Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit?
Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?
7Ou #Sòm 96.9 menm latè, tranble devan Senyè a,
devan Bondye Jakòb la.
8Se #Egz 17.6; Nonb 20.11; Det 8.15; Sòm 107.35 li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo,
li fè wòch la tounen yon sous dlo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 114: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte