Sòm 110

110
SÒM 110 (109)
Wa Senyè a chwazi a
(1a) Se #Mak 12.36; Tra 2.34,35; 1 Kor 15.25; Eb 1.13; 10.12,13 yon sòm David.
1(1b) Senyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di:
Chita la sou bò dwat mwen,
jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
2Senyè a #Sòm 45.6; Da 7.14 va fè ou donminen sou peyi ki lòt bò fontyè peyi Siyon.
Li di ou: Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
3 # 110.3: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Jou #Jij 5.2; Sòm 96.9 w'ap pare pou konbat lènmi ou yo,
pèp ou a va prese vin ba ou konkou.
Tankou lawouze nan granmaten,
jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
4Senyè a #Jen 14.18; Nonb 23.19; Zak 6.13; Eb 5.6; 6.17,18,20; 7.17,21 te sèmante,
Li p'ap chanje lide:
Ou sakrifikatè pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
5Senyè a #Sòm 2.5,12; 16.8; Wòm 2.5; Rev 11.18 kanpe sou bò dwat ou.
Lè l ankòlè l'ap krabinen wa yo.
6L'ap #Sòm 68.21; Eza 2.4; Jowèl 3.12 jije nasyon yo,
l'ap anpile kadav sou kadav,
l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
7Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la.
Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 110: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an