Sòm 11

11
SÒM 11 (10)
Konfyans nan Bondye
(1a) Pou #1 Sam 23.14; Sòm 25.2 chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(1b) Se bò kote Senyè a mwen jwenn pwoteksyon.
Kijan ou ka fè di mwen:
Jete ou nan mòn, Vole jete ou tankou zwazo,
2paske #Sòm 64.4 mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo
pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?
3Ou di lè tout prensip tèt anba,
kisa moun dwat ka fè?
4Senyè a #Sòm 33.13; Eza 66.1; Aba 2.20; Mat 5.34; Tra 7.49 nan kay ki apa pou li a,
li gen fòtèy li nan syèl la.
L'ap gade lèzòm:
li konnen sa y'ap fè.
5Kit #Jen 22.1; Sòm 5.5; Jak 1.12 yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè.
Li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
6Li #Jen 19.24; Sòm 75.8; Eze 38.22 voye chabon dife #11.6: Li voye chabon dife: Se yon ansyen vèsyon ki bay sa. Men, tèks ebre a bay: Li mete pèlen pou yo.
ak souf cho sou mechan yo tankou lapli.
Li soufle yon van cho kou dife sou yo.
Se sa yo tout yo merite.
7Senyè a #Sòm 17.15; 33.5; 1 Jan 3.2; Rev 22.4 pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen.
Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte