Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pat konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la. Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l moutre jan li gen pouvwa. Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè. Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo. Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape. Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l te di a, yo chante pou fè lwanj li. Men, lamenm, yo bliye sa l te fè pou yo. Yo pat tann li fin fè pou yo sa l te gen nan lide l.
Li Sòm 106
Koute Sòm 106
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 106:7-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo