Sòm 105

105
SÒM 105 (104)
Mèvèy Bondye pou pèp li a
(1 Kwonik 16.8-22)
1Lwanj #1 Kwo 16.8-22 pou #Eza 12.4 Senyè a!
Fè konnen jan li gen pouvwa!
Fè nasyon yo konnen sa li fè!
2Chante pou li! Fè lwanj li!
Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
3Fè kè nou kontan paske se moun pa l nou ye.
Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt!
4Ale #Sòm 27.8 jwenn Senyè a pou l ka ede nou,
toujou chache rete devan li.
5-6Nou #Egz 6.6; Sòm 77.11 menm, #Sòm 105.42 pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye,
nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè.
Chonje jijman ki te sòti nan bouch li!
7Senyè a #Eza 26.9 se Bondye nou li ye.
Lè li pase yon lòd se pou tout latè.
8-9L'ap #Det 7.9; Sòm 111.5,9; Lik 1.72 toujou #Jen 17.2; 22.16-18; 26.3; Lik 1.73 chonje kontra li te pase ak Abraram.
L'ap kenbe pwomès li,
pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.
10Sa #Jen 28.13,14; 35.10-12 li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo,
yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
11Li #Jen 13.15; 15.18 te di: — M'ap ba ou peyi Kanaran an
pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m yo.
12#Jen 17.18; 34.30; Eb 11.9 sa a, pèp Bondye a pat anpil,
yo te sèlman yon ti ponyen moun,
yo te tankou etranje toujou nan peyi a.
13Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo,
yo t'ap sòti nan yon peyi ale nan yon lòt.
14Men, #Jen 12.17; 35.5 li pat kite pèsonn maltrete yo.
Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.
15Li #Jen 20.6,7 te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo.
Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
16#Jen 41.54; Eze 4.16 Senyè a te voye yon grangou sou peyi yo a,
lè li te koupe tout viv yo,
17li #Jen 37.28,36; 45.5; Tra 7.9 te voye Jozèf devan yo,
menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.
18Yo #Jen 39.20 te mete pye l nan sèp,
yo te pase yon chenn nan kou li,
19jouk #Jen 40.20-22 sa li te di a te rive vre.
Konsa, pawòl Senyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.
20Wa #Jen 41.14 peyi Lejip la te wete l nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l.
21Li #Jen 41.40 mete l chèf sou tout moun lakay li,
li mete l pou l gouvènen tout peyi a.
22Li ba li kat blanch sou tout chèf yo,
li ba li otorite pou l moutre notab yo sa pou yo fè.
23Apre #Jen 46.6; 47.11; Tra 7.15; 13.17 sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.
Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.
24Senyè a #Egz 1.7; Tra 7.17 te fè pèp li a peple anpil.
Li te fè l vin pi fò pase lènmi l yo.
25Li #Egz 1.8-14; Tra 7.19 fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a:
Yo aji mal ak li, yo twonpe li.
26#Egz 3.10; 4.12; Nonb 17.5-8 sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l,
ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
27Avèk #Sòm 78.43-51 pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo.
Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
28Li #Egz 10.21-23; Sòm 99.7 voye fènwa kouvri tout peyi a.
Men, moun peyi Lejip yo pat koute #105.28: yo pat koute: Se sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon. Men, tèks ebre a menm bay: yo te koute. sa l te di yo.
29Li #Egz 7.17-21 fè dlo larivyè yo tounen san,
li touye tout pwason ladan yo.
30Krapo #Egz 8.2-6 te pran tout peyi a pou yo,
yo te rive jouk anndan kay wa a.
31Bondye #Egz 8.16,17,21-24 annik pale, mouchavè ak vèmin parèt,
yo kouvri tout peyi a.
32Li #Egz 9.22-25 pa ba yo lapli,
li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.
33Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo.
Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.
34Bondye #Egz 10.12-15 annik pale, chwalbwa parèt,
chini vide an kantite.
35Yo devore tout ti plant nan peyi a,
yo manje tout rekòt nan jaden yo.
36Bondye #Egz 12.29; Sòm 78.51 touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la.
Wi, li touye tout premye pitit gason yo.
37Apre #Egz 12.35,36 sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan.
Anyen pat rive yo yonn menm.
38Moun #Egz 12.33; 15.16 peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati
paske yo te pè anpil.
39Senyè a #Egz 13.21; Eza 4.5; 1 Kor 10.1 mete yon nway pou pwoteje yo lajounen,
yon dife pou klere yo lannwit.
40Yo #Egz 16.12-15; Sòm 78.24,27; Jan 6.31 mande l vyann, li ba yo zòtolan.
Li ba yo pen ki sòti nan syèl
pou plen vant yo.
41Li #Egz 17.6; Nonb 20.11; Eza 48.21; 1 Kor 10.4 fann yon gwo wòch, sous dlo pete,
dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.
42Li #Jen 15.14; Egz 2.24; Sòm 105.6-9 te chonje pwomès li te fè a,
pawòl li te bay Abraram, sèvitè l la.
43Se #Egz 15.1 konsa li te fè pèp li a sòti ak kè kontan,
li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.
44Li #Joz 11.23; 24.13; Sòm 78.55 ba yo tè lòt nasyon yo,
li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,
45pou #Det 4.1,40; Sòm 104.35 pèp li a te ka kenbe lòd li yo,
pou yo te ka obeyi kòmandman li yo.
Lwanj pou Senyè a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 105: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an