Sòm 105:1-20

Sòm 105:1-20 HAT98

Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! Fè kè nou kontan paske se moun pa l nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt! Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou, toujou chache rete devan li. Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te sòti nan bouch li! Senyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. Li te di: — M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m yo. Lè sa a, pèp Bondye a pat anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a. Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap sòti nan yon peyi ale nan yon lòt. Men, li pat kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. Lè Senyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. Yo te mete pye l nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Senyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. Wa peyi Lejip la te wete l nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an