Sòm 102:14-28

Sòm 102:14-28 HAT98

(15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini. (16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Senyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li. (17) Senyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa. (18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. (19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l, pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li. (20) Senyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè, (21) pou l tande jan prizonye yo ap plenn, pou l delivre moun yo kondannen amò yo. (22) Konsa, moun va nonmen non Senyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm, (23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Senyè a. (24) Mwen te jenn gason toujou lè Senyè a kraze kouray mwen: li koupe sou lavi m. (25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m kounyeya. Mwen jenn gason toujou. (26) Se ou menm, Senyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la. (27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote. (28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri. (29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an